Zelenskyy Rankontre Manm Kongrè Ameriken an ak Responsab Pantagòn nan

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy rive nan Capitol la nan Washington ak Lide Minorite Lachanm, Hakeem Jeffries, ki akonpaye l, 21 Sept. 2023.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy retounen Washington Jodi pou yon vizit rapi rapid ki gen kom bi pou ranmase plis sipò Ameriken pou Ikrèn.

Lide Demokrat Lachanm Depite a Hakeem Jeffries te akonpaye Zelenskyy nan Capitol la (syèj palman Etazini an) Jedi.

Le li te rive nan Kongrè a, Zelenskyy te fè chita tande an prive ak lidè Repibliken ak Demokrat yo. Kèk pami Repibliken yo poze kestyon pou konnen konbyen dola Ameriken kap depanse nan Ikrèn nan lit li kont fòs Ris yo.

Zelenskyy pral rankontre pi ta ak Prezidan Joe Biden nan Lamezonblanch. Li pral rankontre tou responsab militè Ameriken yo nan Pantagon nan.

Se dezyèm vizit Zelenskyy ap fè nan Washington depi Larisi te anvayi peyi li. Vizit la ap dewoule nan moman Prezidan Biden mande kongre yon lòt $24 milya pou Ikrèn.