Tribinal Moskou Refize Tande Apèl Jounalis Wall Street Journal la

Yon tribinal nan Moskou refize tande madi yon apèl ke repòtè jounal Wall Street Evan Gershkovich te mande kont yon desizyon ki vle pou li pase 3 mwa anplis anba kòd ann atandan jijman, dapre media leta ris.

Gershkovich anba kòd depi arestasyon-li nan mwa Mas anba akizasyon espyonaj, sa ke li-menm ak gouvènman ameriken an demanti ak fòs. Gouvènman ameriken an di jounalis-la fèmen nan prizon san rezon.

Desizyon tribinal la se dènye bak ki fèt nan batay legal pou repòtè a, ki jwenn yo pwolonje tan li anba kòd ann atandan jijman 2 fwa – premye a sete nan mwa Me.

Pwiske yo rejete apèl li a, li pwal oblije rete anba kòd jiska 30 Novanm oswa pita.

Okenn dat pako fikse pou jijman li. Gershkovich pèdi 2 apèl deja kont desizyon pou kenbe li nan prizon pou tann jijman. Gwoup-yo ki ap defann libète laprès kondane dènye desizyon tribinal la.