Tanpèt Twopikal Lee Frape Kanada

Travaye nan vil Sen Jean kodone zon kote yon gwo pye bwa tonbe sou plas King's Square nan Saint John, New Brunswick, Kanada, 16 Sept. 2023.

Tanpèt Twopikal Lee frape Nouvèl Ekòs, Kanada ak van ki tap soufle ak yon vitès 110 kilomèt alè.

Meteyo a Ozetazini di je tanpèt la te pase a lwès Halifax, ki sitye o sidès Eastport nan eta Maine, Ozetazini.

Move tan an koze gwo vag lanmè epi lage yon lavalas lapli sou yon bon pati rejyon Nouvèl Angletè a Ozetazini epi kòt Kanada. Li rache pye bwa, inonde vil ki sitye bò lanmè epi kite plizyè dizèn milye moun san elektrisite.

Gen yon moun ki mouri nan eta Maine apre yon branch pye bwa te tonbe sou machin ni.

Meteyo a di move tan an pral febli pandan l ap travèse New Brunswick epi Golf Sen Laurent an.