Repiblik Dominikèn Pral Fèmen Fwontyè Dajabon nan ak Ayiti Vandredi

FILES-DOMINICAN REP-HAITI-BORDER-CLOSURE

Repiblik Dominikèn anonse li pral fèmen fwontyè li ak Ayiti akoz yon konfli ak Ayiti ki gen rapo ak aksè ak yon rivyè 2 peyi yo pataje, e ki pa rezoud.

Prezidan Dominiken an Luis Abinader anonse lap fèmen fwontyè a ann antye Vandredi a 6 zè di maten (1000 GMT).

Santo Domingo di fèmti a pral dire "osi lontan ke nesesè" e ke lame peyi a ak fos polis yo pral ranfose lod sa a, malgre negosyasyon ak responsab gouvènman Ayisyen an pral kontinye.

Repiblik Dominikèn dozado ak Ayiti depi kèk jou, e li ranfose sekirite sou fwontyè a epi depote plizyè dizèn milye Ayisyen kap kouri kite Ayiti akoz zak vyolans gang yo ki vinn pi grav.

Prezidan Dominiken Luis Abinader, pwononse yon diskou nan Santo Domingo, 2 Sept. 2023.

Abinader deklare: "Nou fè preparasyon pandan plizyè semèn, non sèlman pou sityasyon sa a men tou pou posibilite pou yon fos lapè ta ale an Ayiti." Li ajoute ke menm si gouvènman Ayisyen an paka kontwole konstriksyon kanal la, Repiblik Dominikèn limenm kapab.

Abinader ta dwe soulve kestyon an devan Nasyonzini nan Nouyok semèn pwochèn nan.

Repiblik Dominikèn te menase pou l fèmen fwontyè a semèn pase a. Otorite yo plenyen pou di konstriksyon kap fèt bo kote Rivyè Masak la se yon vyolasyon Trete Lapè, Amitye ak Abitraj 2 peyi yo te siyen an 1929.

Abinader deklare pandan yon konferans pou laprès: "Malerezman yo pa kite nou ak okenn altènativ, eksepte pou n pran mezi drastik."

Foto Achiv: Vi ayeryen gad milite nan pos fwontye Dajabon nan nan Repiblik Dominiken 8 Jiye, 2021.

Abinader di Repiblik Dominikèn ap planifye konstriksyon 2 baraj, ki "san trete a taka afekte Ayiti seryezman".

Gouvènman an di fèmti fwontyè a pral enkli fwontyè terès, maritim epi wout ayeryen, e ke li deplwaye yon lot 20 machin blende nan yon kan militè li tabli sou fwontyè a.

Foto Achiv: Ayisyen eseye travese rivye Masak la, 30 Jyen 2006.

Jedi, moun te ka wè Ayisyen ap kouri al sou fwontyè a, epi konpayi ayeryèn Sunrise Airways di lap ajoute yon vol ant 2 peyi yo Jedi apremidi anvan fèmti a.

Anbasad Etazini nan Potoprens la te lanse apèl bay sitwayen li yo pou yo pati kite Ayiti. Li di sou sit wèb li ke moun ki gen entansyon vwayaje Repiblik Dominikèn pral bezwen fè lot aranjman.