Lajistis Etazini Enkilpe Hunter Biden pou Posesyon Ilegal Zam

Foto Achiv: Pitit gason Prezidan Joe Biden nan, Hunter Biden, kite tribinal la nan Wilmington, Delaware, 26 Jiye, 2023.

Lajistis Etazini enkilpe Hunter Biden pou posesyon ilegal zam a fe, ki se yon krim federal.

Dokiman federal legal ki depoze devan tribinal eta Delaware la di Biden te bay manti sou itilizasyon dwog epi achte yon zam a fe an 2018 pandan li tap goumen ak yon adiksyon ak crack kokayin.

Pitit gason Prezidan Joe Biden nan ap fè fas ak yon ankèt tou pou biznis li te fè ak konpayi etranje.

Pwokirè kap jere dosye a endike yo taka akize li de vyolasyon lwa enpo nan Washington ak Kalifoni.

Enkilpasyon ki anonse Jedi a vini nan moman Repibliken nan Kongrè a ap pousuiv yon ankèt miz an akizasyon kont Prezidan Demokrat Joe Biden, an gan pati akoz komès pitit li, Hunter te fè ak konpayi etranje.

Avoka defans yo di antant ki te epaye Hunter Biden kont pwosekisyon pou posesyon zam nan ta dwe rete an aplikasyon toutotan misye pa fè anyen ki ilegal.

Yon lot kote, apepre mwatye Ameriken yo di yo swa gen yon ti kras konfyans swa yo pa gen okenn konfyans ditou ke Depatman Jistis la ap jere ankèt sou Hunter Biden nan yon fason ki jis - san politik pa antre ladann.

Se rezilta yon nouvo sondaj ke Associated Press fè ansanm ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik. Sondaj la jwen youn sou 3 Ameriken gen anpil kè sote ke Prezidan Joe Biden te petèt komèt yon krim an koneksyon ak biznis etranje pitit gason li. Sepandan divizyon politik la sevè.

Gen 66% Repibliken - e sèlman 7%% Demokrat - ki gen anpil kè sote pa rapo ak prezidan Biden. Gen yon lot 26% ki di yon gen yon ti kras kè sote sou sa.

Sondaj la pibliye nan moman Lidè Lachanm Depite a, Kevin McCarthy lanse yon ankèt ofisyèl sou kestyon miz an akizasyon prezidan an kote lap chache lye Biden ak zafè komèsyal pitit li.

Yon mèt espesyal ke minis jistis la nomen kontinye ap mennen ankèt sou Hunter Biden.