Anthony Blinken Fè Yon Vizit Sipriz nan Kyèv

  • Serge Michel

U.S. Secretary of State Antony Blinken visits Ukraine

Sekretè Deta ameriken Anthony Blinken nan Kyèv kounyea pou yon vizit 2 jou ke li pa te anonse, ki se 4èm vizit li nan Ikrèn depi LaRisi te anvayi peyi a an Fevriye 2022.

Blinken ka rankontre ak Minis Afè Etranjè Ikrèn Dmytro Kuleba, Premye-minis Denys Shmyhal, ak Prezidan Volodymyr Zelenskyy pou li tande evalyasyon sou bezwen yo pou kont-ofansiv kont LaRisi nan sezon ivè ki ap vini an.

"Nou wè gwo pwogrè ki fèt nan kont-ofansiv la. Nou vle asire nou ke Ikrèn gen sa li bezwen, pa sèlman pou li gen siksè nan kont-ofansiv la, men pou lontan, pou agresyon konsa pa janm fèt ankò," se konsa Blinken te pale anvan chita-pale yo jodi mèkredi a.

Blinken ka anonse yon nouvo pwogram èd Etazini pou yon valè plis pase 1 milya dola, se sa yon otorite nan Depatman Deta te di jounalis yo sou vwayaj sa a.

Plizyè èd tan anvan li te rive, LaRisi te lanse frap aeryen sou Kyèv ak sou rejyon Odesa nan sid peyi a.

Depatman Deta fè konnen Blinken vle demontre sipò solid Etazini pou Ikrèn anvan Asanble Jeneral Nasyon Zini an ki pwal dewoule nan New York lòt semenn.