Afrik di Sid: Omwen 74 Moun Mouri Apre Dife Ravaje yon Bilding nan Johannesburg

Social media footage shows deadly fire in Johannesburg

Otorite Sid Afriken yo di omwen 74 moun pèdi lavi yo nan Johannesburg nan mitan lannwit la apre dife ravaje yon bilding 5 etaj ke yo te sèvi pou abrite moun ki pa gen kay yo.

Yon pòt pawòl sèvis ijans vil la di gen plis pase 50 moun ki blese lè dife a te kòmans pwopaje vè 1è di maten Jedi.

Yon responsab lokal fè konnen moun ki tap viv nan bilding sa ki nan Johannesburg ki se pi gran vil an Afrik di Sid la te lage kò yo atè, yo te itilize fenèt ki nan bilding lan pou chape flanm dife yo.

Plizyè nan yo mouri konsa.

Pami viktim yo te gen omwen 12 timoun. Viktim ki pi jèn nan te gen yon lane.

Pòt pawòl sèvis ijans la di bilan viktim nan taka ogmante pi plis.

Temwen yo di gen omwens 200 moun ki tap viv nan bilding ki pran dife a.

Prezidan Cyril Ramaphosa deplore "gwo trajedi" ak dezas sila, ke yo klase pami dife ki pi mòtèl ki fèt nan yon bilding nan mond lan sou 20 dènye ane yo.

Yo konpare dife sa ak Grenfell Tower kote (72 moun te pèdi lavi yo) nan mwa jen 2017 nan Lond.