Nasyonzini Di CEDEAO Ap Toufe Popilasyon Nijè a

  • Serge Michel

Niger Coup

Dirijan Nasyon Zini di jodi madi 29 Daout la ke sanksyon kont Nijè yo bloke èd imanitè ki enpòtan anpil tankou manje ak medikaman, kote yo di gen demann ki fèt devan blok rejyonal CEDEAO pou mande kèk eksepsyon.

Kamyon chaje ak manje e ak èd imanitè ap aliyen sou fwontyè Nijè depi kou deta militè 26 Jiyè a, sa ki fè pri manje moute, yon siy ke peyi a ap santi efè sanksyon yo. Blokis-la se mwayen pou mete presyon pou jent-la retabli Prezidan depoze Mohamed Barzoum nan pouvwa a.

Vòl l-ONU ki ap pote èd kanpe paske yo pa gen gaz akoz sanksyon-yo, sa ki konplike efò èd nan peyi jeyan sa a.

Emmanuel Gignac, reprezantan pou Nijè nan ajans Refijye l-ONU-an li menm tou leve vwa-li pou fè konnen enkyetid li pou sekirite popilasyon Nijè a, espasyalman pou 700-mil moun li ki oblije kite kay yo, apre yon gwo ogmantasyon ensidan tankou kidnapping ak vyolans seksyèl depi kou deta a.

Yon pòtpawol ajans l-ONU pou timoun nan (UNICEF) di lèt ak lòt manje bloke sou fwontyè Nijè, pandan gen plis pase yon milyon dòz medikaman kont lafyèv jòn ak vaksen kont rotaviris ke avyon paka pote soti ann Ewòp akoz espas sou Nijè ki fèmen.

"Li senp. Sistèm sanksyon ke CEDEAO (Kominote Ekonomik Eta-yo nan Wès Afrik la) mete an plas la pa fè eksepsyon pou èd imanitè. Konsa, èd imanitè tonbe anba sanksyon kòm tranzaksyon komèsyal oswa enpòtasyon. Eben, pa gen eksepsyon kounye a, pa gen okenn mwayen pou pote èd imanitè ale nan peyi a.

UNICEF deklare li gen yon estòk oubyen yon chajman vaksen ki chita nan pò Cotonou nan Benen. Se menm bagay la pou Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ak chajman manje."

Gignac ajoute ke ajans la gen kè-sote pou yon afè 28 milyon dòz vaksen ki estoke nan peyi a, pandan 95 pousan depo-yo nan blakawout.