Ouragan Hilary Pran Fòs nan Meksik

Imaj satelit kapte a 10:50am EDT Jedi 17 Out 2023, ke NOAA pataje ak Lapres montre ouragan Hilary tou pre kot Pasifik peyi Meksik.

Ouragan Hilary pran fòs pou l rive rapidman nan Kategori 4 nan moman li sitye tou pre kòt Pasifik peyi Meksik la.

Meteyo kwe li taka rive nan rejyon Sid Kalifòni antanke premye tanpet twopikal ki frape zòn sa a depi 84 an.

Sant Nasyonal Meteyowoloji a di li lanse yon avetisman pou tanpet twopikal la nan Sid Kalifoni. Se premye fwa li janm fe sa.

Hilary pote ave l van kap soufle ak yon vites 230k ale bone Vandredi. Yo atann yo aske li pran plis fòs toujou anvan li kòmanse febli.

Sepandan, lap gen fòs yon ouragan le li pwoche preskil Baja California Meksik la Samdi swa. Li pral pwobableman rive nan Sid Kalifoni Dimanch, antanke tanpet twopikal.

Okenn tanpet twopikal poko janm frape Sid Kalifòni depi 25 Septanm, 1939, dapre Sant Naysonal Metewoloji an.