Administrasyon Biden nan Ogmante TPS pou Ikrenyen ki Deja Ozetazini

Foto Achiv: Refije Ikrenyen yo pale ak yon ajan Ladwan ak Pwoteksyon Fwontye Etazini pandan yap pare pou travese fwontye a Lendi 4 Avril, 2022 nan Tijuana, Meksik.

Administrasyon Biden nan anonse yon gwo ekspansyon nan stati legal pwovizwa (TPS) pou Ikrenyen ki deja ap viv Ozetazini, pou bay moun ki kouri kite peyi a apre envazyon Larisi a.

Depatman Sekirite Nasyonal la di mezi a pral afekte 166,700 Ikrenyen ki elijib pou TPS. Anvan sa se 26,000 moun ki te elijib pou stati sa a.

Pou kalifye, fòk Ikrenyen yo te rive Etazini anvan Mekredi 16 Out, ki se 2 jou anvan anons la.

TPS te sipoze ekspire 19 Oktob 2023 men Etazini pwolonje li pou 18 mwa ankò kivledi li pral ekspire kounyea 19 Avril 2025.

Ekspansyon an vini nan moman administrayson an ap pwolonje Stati Pwoteje Pwovizwa pou moun ki soti nan dives peyi - nan kad pwogram imigrasyon li an.