Yon Tranblemanntè Puisan Frape Kolonbi

Moun rasanble devan kay yo apre yon tranblemannte frape Bogota, Kolonbi, 17 Out 2023.

Yon tranblemanntè puisan epi apre sa yon lòt gwo sekous frape kapital Kolonbyèn nan ak kèk lòt gran vil nan peyi Kolonbi epi simen panik nan mitan popilasyon an. Sitwayen yo te kouri pran lari. Dapre nouvèl yo palman peyi a sibi domaj.

Omwens yon moun mouri.

Sekous yo frape vè midi le lokal. Tou le 2 te santre ak yon distans 160 kilomet o sidès Bogota. Premye tranbleman an te mezire 6,3 sou nechèl Richter la. Dezyèm la te mezire 5,7, dapre sa Sèvis Jeyoloji Etazini an rapòte.

Yon tranbleman magnitid 5,0 te souke Kolonbi Jedi swa.

Moun nan kapital la di yo santi bilding ak sòl la souke, alarm te sonnen epi moun te kouri kite kay yo e rasanble deyò.