Vis-prezidan Taiwan William Vizite San Francisco

  • Serge Michel

Taiwan's Vice President William Lai speaks during a stop near San Francisco

Vis-prezidan Taiwan William Lai di ayè mèkredi a ke relasyon Etazini ak Taiwan pa te janm bon jan li ye jounen jodia, se konsa li te pale lè li te fè eskal nan San Francisco nan dènye etap yon vwayaj ke LaChin kondane

Lai di sipòtè li yo nan yon aktivite ke li vle fè Taiwan tounen Silicon Valley pou kontinan Azi a pandan li chante lwanj Taiwan pou wòl zile a nan chèn distribisyon teknoloji mondyal la.

Laura Rosenberger, ki se alatèt Enstiti Ameriken nan Taiwan, yon òganizasyon gouvènman ameriken ki pa travay pou benefis, te moutre jan administrasyon Biden-nan sipòte efò pou ranfòse angajman Taiwan vizavi alye ki gen menm lide yo.

Vwayaj Lai la te gen yon eskal nan New York sou wout pou li ale Paragwe, e sou wout pou tounen Taiwan, li fè eskal San Francisco.