Kore Di Nò Konfime Soldà Ameriken an Lakay Li

  • Serge Michel

In this photo taken in Seoul on August 16, 2023, a man walks past a television showing a news broadcast featuring a photo of US soldier Travis King (C), who ran across the border into North Korea while part of a tour group visiting the Demilitarized Zone

Kore di Nò konfime an piblik premye fwa ke li gen anba men l solda ameriken Travis King, ki te kouri jete l nan pati nò Zòn Sekirite Komen ant 2 Kore yo, sa gen preske yon mwa, kote li se premye touris ke moun konnen ki fè sa.

Pyongyang ap mennen ankèt sou solda a pou sa li rele “antre ilegal” nan Kore di Nò, se sa ajans nouvèl KCNA di jodi mèkredi a. Li ajoute ke King avwe ke sa k te pouse l fè sa, se “move tretman inimen ak diskriminasyon rasyal ke li t ap sibi nan Lame Etazini an.”

Ajans la di ke solda 23 lane a te eksprime dezi pou li chache refij nan Kore di Nò oswa nan yon 3èm peyi, e di li te “mal konprann” inegalite ki nan sosyete ameriken an.

Li ta pwal deyò nan lame a lè li ta retounen nan baz li nan Fort Bliss nan eta Texas 17 Jiyè pase, apre li te fin pran prizon nan Kore di Sid anba akizasyon pou vwadfè.

Li te gen pou l pran avyon pou tounen Etazini 17 Jiyè, men te degaje l antre kò l nan yon gwoup touris sivil ki ta pwal vizite enstalasyon fwontyè a, nan jou apre a.