Gouvènè Hawaii Krenn pou Bilan Viktim Dife Maui a Pa Ogmante Pi Plis

Kay ak machin ki detwi nan dife ki ravaje Lahaina, Hawaii, 13 Out, 2023.

Gouvènè Hawaii lanse avètisman pou di gen yon pakèt lot moun ki ka sou lis viktim gwo dife ki ravaje zile Maui.

Deklarasyon an fèt nan moman sekouris yo ap chache lari ak katye kote flanm dife yo te koze anpil dega.

Dife a prèske ratibwaze nèt vil istorik ki rele Lahaina a. Se youn nan evenman kote plis moun mouri Ozetazini depi plis pase yon syèk.

Bilan viktim nan rive a 96 kounyea.

Gouvènè Josh Green deklare gen ant 10 ak 20 kadav ke yo ka dekouvri chak jou pandan pwochen jou kap vini yo.

Otorite yo di gen 2 dife yo poko rive metrize nèt.