Jent militè Nijè a, deja gen 2 semèn nan nan tèt peyi a epi rejte chita-tande Ak Kék antite

A supporter of Niger's National Council for the Safeguard of the Homeland (CNSP) holds up a placeard with a photo of General Abdourahamane Tiani on in Niamey on August 6, 2023.

NIAMEY, Nijè (AP) - Jent militè a nan Nijè sot gen 2 semèn sou pouvwa, e kounye a lidè li a ap moute yon gouvènman e rejte apèl pou negosyasyon .

Kék analis dekri kòm yon efò pou konsolide pouvwa yo e moutre ke se tout bon yo vle gouvène eta nan wès Afrik la pandan gen yon kriz rejyonal ki ap ogmante.

Lendi a, jent la nonmen ekonomis sivil Ali Mahaman Lamine Zeine premye minis.

An menm tan, yo refize resevwa ekip medyasyon Nasyonzini, Inyon Afriken, ak CEDEAO ki te fè plan rantre nan peyi a madi.

CEDEAO te menase pou l sèvi ak fòs militè si jent la pa t remèt Bazoum pouvwa a dimanch, yon delè ke jent la pa te okipe.