Azi

Pakistan: Omwen 30 moun Mouri nan Yon Tren ki Deraye nan Sindh

PAKISTAN-TRAIN-ACCIDENT

Yon tren pasaje deraye nan sid Pakistan dimanch 6 out, kote gen omwen 30 moun ki mouri ak plis pase 80 blese dapre medya lokal Geo ki site pawòl yon otorite nan distri a.

Apeprè 10 konpatiman nan yon tren pasaje deraye nan distri Nawabshah

Geo te rapòte dimanch apremidi gen moun ki te bloke toujou andedan kèk konpatiman nan tren an e ke gen lòt ke yo transfere lopital.