Nijè: Chèf Jent la « Rejte an blòk » Sanksyon kont Nyamey, Kèlkeswa Kote yo Soti

Abdourahamane Tiani

Lidè jent Nijè a, Jeneral Abdourahamane Tiani, "rejte" sanksyon entènasyonal yo apre koudeta 26 Jiyè kont Prezidan Bazoum nan, e li pale konsa nan yon diskou ki pase an dirèk nan televizyon.

Ak anivèsè endepandans Nijè a ki te fèt nan dat 3 out 1960, li ajoute ke Konsèy Nasyonal pou Sove Nasyon an (CNSP) ki sou pouvwa a "refize sede devan tout menas kelkeswa kote yo soti".

Li ajoute : "Nou pa vle okenn etranje antre bouch nan zafè entèn Nijè".