LaChin chanje Minis Afè Etranjè Qin Gang

  • Serge Michel

FILE - Then-newly elected Chinese Foreign Minister Qin Gang takes his oath at the Great Hall of the People in Beijing on March 12, 2023. China on July 25, 2023 removed Qin from office and replaced him with his predecessor, Wang Yi.

LaChin chanje Minis Afè Etranjè Qin Gang ki renmen di byen fò sa l panse, e yo retounen ak minis ki te nan plas la anvan li, Wang Yi.

Nan yon anons madi, medya gouvènman yo pa bay rezon pou chanje Qin nan, men li fèt apre minis la te sispann parèt an piblik depi yon mwa, pandan pawòl te pale sou afè pèsonèl li ak sou rivalite politik nan gouvènman an.

Ministè a pa bay enfòmasyon sou ki pozisyon Qin kounyea, selon tradisyon Pati Kominis la pou kenbe afè sistèm politik la nan gwo sekrè, kote gen anpil restriksyon sou laprès ak libète lapawòl.

Ministè a pa pale sou kesyon an nan konferans pou laprès li madi. Aksyon sa a vini nan moman gen gwo kritik kont politik afè etranjè LaChin ki ap vin pi agresif, e Qin sete prensipal aktè nan politik sa a.