Pati Konsèvatè a Sanble Pare pou Ranpòte Eleksyon Espay la

Responsab yon biwo d vot itilize yon evantay akoz gwo chale a pandan elekte yo depoze bilten yo nan eleksyon nasyonal yo nan vil Barselonn, 23 Jiye, 2023.

Pati Popilè Konsèvatè Espay la sanble pare pou l ranpòte yon viktwa ak yon maj tou mens nan eleksyon nasyonal peyi a, men san majorite li bezwen pou ranvèse gouvènman kowalisyon Premye Minis Sosyalis Pedro Sanchez la.

Apre yo finn konte 90% vwa yo Dimanch, PP a te sanble sou wout pou l pran 136 syèj sou yon total 350 nan Palman Depite yo, ki se chanm bas palman Espayòl la.

Pati Travayè Sosyalis Sanchez la limenm sanble pral ranpòte 122 syèj.

Malgre sosyalis yo ka konte sou 31 syèj Alyans Sumar zèl goch la pou kole tèt ansanm avè l epitou kèk lot ti pati, gen yon veritab posibilite pou okenn pati pa ranpòte yon majorite.

Sondaj opinyon ki te fèt anvan eleksyon an te predi yon pi gwo viktwa pou PP a.