LaChin ap sere boulon manje ki soti nan lanmè Japon an

  • Serge Michel

Participants sail boats during a joint Russian-Chinese naval exercise in the waters of the Sea of Japan, in this still image taken from video released by the Russian Defense Ministry July 20, 2023.

LaChin ap sere boulon manje ki soti nan lanmè Japon, sa ki eskalade tansyon diplomatik ak vwazen li sou plan Tokyo pou l jete nan Oseyan Pasifik la dlo sal ke li trete, ki soti nan izin nikleyè Fukushima ki donmaje a.

Administrasyon Jeneral Ladwànn nan LaChin koumanse enspekte, mwa sa a, enpòtasyon pwason ki soti Japon pou konnen si yo gen radyasyon, dapre sa laprès japonè rapòte mèkredi a. LaChin se pi gwo achtè pwason ke Japon ekspòte. Ladwànn nan Japon te anonse 7 Jiyè pase a ke li ap mete endiksyon sou pwason ki ap soti nan 10 prefekti japonè, pami yo Fukushima akoz enkyetid pou radyasyon.

Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè chinwa, Mao Ning, di nan yon konferans pou laprès ayè jedi a gouvènman an pran desizyon sa a paske li wè pèp la dabò.