Anbasadè Ameriken nan Nasyonzini Di Sispansyon Akò Sereyal la ke Larisi fè a se yon '' zak Mechan”

Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield.

Anbasadè Etazini nan Nasyonzini an di sòti Larisi nan akò sereyal Ikrèn nan se yon "zak mechanste", e li akize Moskou kòmkwa li kenbe "limanite an otaj."

Linda Thomas-Greenfield di jounalis yo nan katye jeneral Nasyonzini an nan New York, "Pandan ke Larisi ap jwe jwèt politik li, moun reyèl nan mond la pral soufri”.

Sekretè Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres, bò kote pal di desizyon Larisi pran pou l rale soti nan akò sereyal la ak Ikrèn pral yon gwo kou pou moun ki nan bezwen toupatou nan mond la. Men, sa pa pwal fè nou sispann fè efò pou fasilite sereyal sa yo jwenn aksè san pwoblèm sou mache mondyal la," se konsa Sekretè Jeneral Guterres pale.