Putin "Dakò" ak Erdogan pou Renouvle Akò Sereyal nan Lanmè Nwa a

Kazakhstan Russia Turkey

Prezidan peyi Tiki, Recep Tayyip Erdogan, di vandredi, prezidan Larisi Vladimir Putin "dakò avèk mwen" pou pwolonje akò sou sereyal nan Lanmè Nwa a ki ap ekspire lendi nan aswè.

"Nou ap pare pou akeyi Mesye Putin nan mwa Out epi nou dakò pou pwolonje akò sereyal nan Lanmè Nwa a", ki pèmèt Ikrèn ekspòte pwodiksyon li yo.

Chèf leta Tiki a di ke li te pale ak tokay Ris li san li pa di ki lè apèl la te fèt.

Lè ajans nouvèl Ris yo poze pòtpawòl Kremlin an kesyon, li pa konfime deklarasyon Erdogan nan.

Dmitry Peskov reponn jounalis yo, "Pa gen okenn deklarasyon sou kesyon an ki soti bò kote Larisi."