Blinken Mande Lachin pou Retabli Kominikasyon ant 2 Fòs Militè yo

ASEAN foreign ministers' meeting in Jakarta

Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken te mande Lachin pou retabli kominikasyon ann "ijans" ant lame ameriken ak lame Chinwa a men li pa jwenn rezilta li t ap tann nan.

Pandan chita pale ak tokay Chinwa li Wang Yi nan Jakarta, Mesye Blinken "ensiste ke se responsablite nou pou nou kenbe liy kominikasyon ouvè antre nou, antwòt ant de lame nou yo, e mwen panse ke li ijan ke nou fè li.

Nou pako rive fè sa, » se yon otorite ameriken ki di AFP sa sou kondisyon pou non li pa site.