'Succession' Ranpòte 27 Nominasyon pou Pri Emmy

Direkte Akademi Televizyon an Frank Scherma ak Yvette Nicole Brown pandan anons pwogram ak akte ki ranpote nominasyon pou pri Emmy ane sa a, 12 Jiye 2023 nan Los Angeles.

Rezo televizyon pa kab Ameriken HBO dominen nominasyon pou pri Emmy ane sa a, gras ak yon triyo elit seri televize - "Succession," "The White Lotus" epi "The Last of Us" - antre yo yo ranpòte 74 nominasyon pou pri ane sa a.

Men se "Succession" ki ranpòte plis nominasyon pase tout lòt seri televize yon Mekredi maten - a savwa 27. Pami yo gen aktè ane a.

"The Last of Us" ranpòte 24 nominasyon pou pri Emmy epi "The White Lotus" ranpòte 23.

Komedi popilè "Ted Lasso" pran devan nan kategori pa li ak 21 nominasyon.

Sepandan gen yon lombraj kap planne sou nominasyon sa yo paske aktè Hollywood yo endike yo taka rejwenn dramatuj yo kap fè grèv depi plizyè semèn.

Nap raple ke yo bay pri Emmy pou ekselans nan domèn televizyon an.

Seremoni remiz pri Emmy a fikse pou dewoule 18 Septanm.