Gouvènman Ariel Henry a di Ayiti Pa Pare Pou Patisipe nan Akò Mouvman Lib CARICOM nan

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pandan rankont CARICOM nan nan otel Baha Mar, Nassau, Bahamas, 16 Fevriye, 2023.

Chèf Gouvènman CARICOM yo pran desisyon sou deplasman lib tout sitwayen peyi CARICOM apati mwa mas 2024, ki pwale pi lwen pase rejim yon Sèl Mache ak yon sèl Ekonomi, ki ap gen deplasman lib pou kèk moun ki gen kategori metye ke gwoup la aksepte.

Desizyon sila vini nan yon rankont istorik ki se 45yèm Reyinyon Konferans Chèf Gouvènman yo ki te tonbe nan men dat ak 50èm anivèsè CARICOM.

Prezidan CARICOM, Hon Roosevelt Skerrit, ki se Premye Minis peyi La Dominik, te fè anons sila a Mèkredi 5 jiyè 2023 nan yon konferans pou laprès.

Li di : “Nou pran desizyon an pou n rive gen deplasman lib ki pèmèt tout kategori moun ka viv epi travay. Pa gen dout ke gen kesyon legal pou nou egzamin.

Premye Minis Skerrit di, ”Nou konprann ke gen defi pou kèk moun, men nou pran angajman pou rezoud sa. ”

Yon lòt kote Premye Minis zile Barbad, Mottley, te fè wè tou ke Chèf Gouvènman yo dakò ak demann gouvènman Ayiti a fè pou peyi li pa patisipe nan mouvman deplasman lib la akòz sikonstans Eta Manm sa a ap travèse.