Sullivan di Etazini Toujou Ap Mete Presyon Pou Jwenn Liberasyon Repòtè Ameriken an ki Gen plis pase 100 jou nan prizon Ris

Wall Street Journal reporter Evan Gershkovich stands in a glass cage in a courtroom at the Moscow City Court in Moscow, Russia, June 22, 2023.

WASHINGTON (AP) — Konseye Mezon Blanch pou sekirite nasyonal, Jake Sullivan, di ke Etazini kenbe kontak ak otorite Larisi yo pou kontinye fè presyon pou jwenn liberasyon repòtè Wall Street Journal Evan Gershkovich.

Vandredi 7 fevriye a te fè jounalis la 100 jou anba kòd.

Sullivan di ke li te pale tou ak reprezantan fanmi Gershkovich ak kèk responsab jounal Wall Street Vandredi sou efò administrasyon an ap fè pou jwenn liberasyon li.

Kremlin an te di, semèn sa a, li ouvè pou yon posib boukantay prizonye ki ta ka enplike Gershkovich.