Prezidan Byelorisi Lukashenko fè konnen chèf Wagner a Prigozhin Retounen nan Larisi

Russia Ukraine War Counteroffensive

MINSK, Byelorisi (AP) — Prezidan Byelorisi an di lidè mèsenè ki te dirije yon rebelyon tou kout kont Kremlin an retounen nan Larisi e ke twoup Wagner li yo rete nan kan yo.

Anons sa a te soulve anpil kesyon sou ki deal ke Kremlin an te jwenn pou mete fen nan kokenn defi ki te devan rejim Prezidan Vladimir Putin nan.

Ajans nouvèl Associated Press pat ka jwenn sous endepandan pou verifye enfòmasyon Prezidan Alexander Lukashenko a, e Kremlin an refize di ki kote Yevgeny Prigozhin ye.

Li pa klè si yon vwayaj li nan Larisi ta vyole antant la ki te pèmèt chèf Wagner a pran azil nan Byelorisi pou li ka mete fen nan rebelyon an ak yon pwomès amnisti pou li ak twoup li yo.

Semèn pase a, Lukashenko te di lidè mèsenè a te nan Byelorisi.