Ansyen Vis Prezidan Mike Pence vizite Ikrèn

Election 2024 Pence

Ansyen Vis Prezidan ameriken Mike Pence, ki kandida pou jwenn nominasyon pati Repibliken an nan eleksyon prezidansyèl 2024 la, fè yon vizit sipriz nan Ikrèn Jedi 29 Jen an, kote li te rankontre ak Prezidan Volodymyr Zelenskyy.

Pence pwomèt pou l kontinye bay Ikrèn "sipò li bezwen" toutotan li nan konfli a.

Pence se premye kandida prezidansyèl repibliken ki rankontre Zelenskyy pandan kanpay la.

Pence se youn nan lidè ki te kritike Prezidan Ris Vladimir Putin e li se yon gran sipòtè Ikrèn, pandan ke sou menm sijè sa rival li Donald Trump te refize di si li vle Ikrèn genyen lagè a, men te di selman li vle yon solisyon ki ta soti nan negosyasyon ant Larisi ak Ikrèn.

Trump devan Pence nan sondaj yo ak plis pase 30 pwen.

Pence te vizite tou 3 vil toupre Kyiv - Bucha, Irpin ak Moschun.