Lamezonblanch, Minis Jistis la Fe Fas ak Anpil Kritik sou Jestyon Dosye Hunter Biden nan

Your browser doesn’t support HTML5

Lamezonblanch ak Minis Jistis la ak Sibi Anpil Kritik Akoz Dosye Hunter Biden nan

Lamezonblanch derefize fe komante sou yon seri kestyon jounalis yo poze sou deklarasyon yon anplwaye IRS (Sevis Enpo Etazini) fe pou di kom kwa Depatman Jistis la te entefere ak anket yo tap mennen sou pitit gason prezidan Biden nan, Hunter Biden.

Komisyon La Chanm Depite ki rele Ways and Means la e ki gen responsabilite pou jere revnu pou finanse gouvenman federal la pibliye transkri yon mesaj sou WhatsApp ke Hunter te voye bay yon asosye komesyal nan Lachin, kote li di li "chita ak papa li" -- e ki sanble sigjere ke papa li o kouran de afe komesyal lap regle.

Prezidan Joe Biden di plizye fwa li pa janm pale ak pitit gason li sou biznis lap fe nan peyi etranje.

Le jounalis yo mande Vandredi si prezidan an toujou gen menm pozisyon an sou koze a, pot pawol Lamezonblanch John Kirby derefize reponn.

SOT KIRBY
VOICE OVER: James, James te m di sa - wap gaspiye tan w. Si se sa wap mande mwen pap reponn. Si wap mande m reponn kestyon ou sot poze a mwen pap fe l mwen pap fe l. Mesi e bon wikenn.

Sekrete Lapres Lamezonblanch la, Karine Jean-Pierre limenm refere tout kestyon yo a biwo avoka Lamezonblanch la.

SOT KARINE JEAN PIERRE
Se pa yon konvesasyon ke m antreprann ak prezidan an. Yon lot fwa anko mwen refere w a avoka Lamezonblanch la.

Avoka Prezidan Biden nan denonse ide kom kwa anket la te pran chimen kwochi e li di se yon bagay ki "danjre e pa korek" pou tire konklizyon ki baze sou transkri yo pibliye a.

Pandansetan, Minis Jistis Merrick Garland voye jete kritik kek Repibliken lanse pou di avoka ki te jere ka a pat gen otorite konple pou l jere dosye a jan li te vle.

Garland di jounalis yo ke David Weiss, avoka ki te jere ka a se yon moun ke Prezidan Donald Trump te nomen e li te gen otorite pou l pran desizyon pou pouse pou pi devan ak ka a jan li te vle e nan nempot ki distri li te vle.

SOT MERRICK GARLAND
VOICE OVER: Mr. Weiss se yon avoke nan eta Delaware ke Prezidan Trump nomen e se limenm ki te komanse jere dosye a depi anba admnistrasyon Trump la. Nou kite l kontinye anket li epi pran desizyon pou l mennen pwose oubyen fe sa l kwe ki bon e nan nempot ki distri. Misye Weiss voye yon let bay komisyon jidisye Lachanm kote li konfime li te genyen otorite sa a. Mwen pa konnen kijan li tap posib pou yon moun bloke li, si li te gen otorite sa a.

Eske yo te janm ba l refi? Jounalis la mande

Map diw ke li te gen tout otorite pou l pran desizyon poukont li.


Antant ki siyen ant Hunter Biden ak lajistis mande pou misye plede koupab ak 2 deli akoz li pat peye taks li. Fok misye pran angajman tou pou respekte kondisyon tribinal la enpoze e ki vledi yo pap mennen pwose kont li pou yon krim federal - akoz li te posede yon zam a fe.

Fok Jij Maryellen Noreika apwouve antant la anvan li antre an aplikasyon.

Gen yon odisyon ki pwograme sou sa 26 Jiye.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press