Pap Franswa kite Lopital Vandredi 16 Jen an

  • Serge Michel

Pope Francis rides in a car on the day of his discharge from Gemelli hospital in Rome, June 16, 2023.

Pap Franswa kite lopital vandredi maten an, 9 jou apre li te fè operasyon pou repare yon èni nan vant li, se sa Vatikan an di nan yon kominike.

Anvan sa, jedi, Vatikan te pibliye kèk nan premye foto pap la depi lè yo te admèt li nan lopital Gemelli nan vil Wòm, 7 Jen pase, foto ki moutre li ki ap sikile nan fòtèy woulant pou vizite seksyon ki trete kansè pou timoun.

Dapre tradisyon an, pap la ki gen 86 lane sou tèt li, ap pran tout mwa Jiyè a kòm vakans, kote li ap parèt an piblik sèlman le dimanch, e konsa li pwal gen tout mwa ki ap vini an pou li repoze anvan yon vwayaj ke li gen pou fè nan peyi Pòtigal, soti 2 pou rive 6 Daout pou make Jounen Mondyal Lajenès epi vizite Mozole Fatima a.