PM Ariel Henry di Diyalog Jamayik la Pral Kontinye an Ayiti

Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou devan 76e sesyon Asanble Jeneral Nasyonzuni, 25 Sept. 2021. Diskou a fet virtyelman.

Nan premye komantè piblik li fè sou rankont politik 3-jou ki sot dewoule nan La Jamayik, Premye Minis Ayisyen Ariel Henry fè konnen Gwoup Eminant Pèsonalite yo rete mobilize e ke diyalog Jamayik la pral kontinye "byento" nan Potoprens kote yo va rankontre HCT a (Wo Konsèy Tranzisyon).


"Konsiltasyon Kingston yo konstiti yon etap nan yon diyalog ak ansanm konpatriyot nou yo," PM Henry deklare sou Twitter.

Li ajoute gwoup Eminant Pèsonalite yo pral rankontre nan Potoprens ak manm HCT a epitou yon "evantay pi laj aktè Ayisyen ki patka ale Jamayik pou kontinye travay fasilitasyon yo a."

Premye minis la di diyalog la ap rapousuiv e ke yo pral pale youn ak lot.

Nap raple ke se CARICOM ki te patwone rankont nan Kingston, Jamayik la, kote politisyen Ayisyen, manm sosyete sivil la ak dyaspora a te diskite sou solisyon posib pou kriz Ayiti a.

Nan komansman rankont la, Dimanch 11 Jyen, plizyè patisipan ki te pale ak VOA Kreyol te eksprime optimis ak prekosyon pou yon rezilta favorab.

Sepandan byen ta Madi swa, 13 Jyen, dènye jou rankont la, pi fo patisipan ki te pale ak VOA te eksprime desepsyon yo dèske yo pat rive antan yo sou solisyon divès moun te prezante.

"Tout moun kanpe sou pozisyon yo," Jean Raymond Andre, reprezantan COODAH, Kowalisyon Oganizasyon Dyaspora Ayisyen deklare.

Ansyen depite Edmonde Beauzile di li kwè sete yon eksperyans pozitif men li te difisil pou pran desizyon pou moun ki pat prezan.

"Mwen regrèt ke se Jamayik nou vinn reprann pwosesus diyalog ant noumenm Ayiti - ayisyen, ayisyèn," li deklare.

Valerio Saint-Louis kontribye a repotaj sa a depi Kingston, Jamayik