Rezèv Federal la Pral Pwobableman Kite To Enterè yo Trankil pou Kounyea

Foto Achiv: Konferans pou lapres Chef Rezev Federal Etazini Jerome Powell, 3 Me 2023.

Rezèv Federal Etazini an, ki ogmante to enterè yo rapidman pandan 40 an ki pase yo, pare Mekredi pou l kite to entere yo jan yo ye a, pou premye fwa nan 15 mwa. Desizyon sa a gen kom bu pou egzaminen enpak jefo agresiv li deplwaye pou kontre enflasyon an.

Sepandan, wo responsab yo di poz sa a taka brèf e ke li posib ke yo va deside ogmante to enterè a an ko apre pwochen rankont yo nan mwad Jiyè a.

Direktè Rezèv Federal la, Jerome Powell ak lot gwo responsab yo endike tou yo ta renmen wè kijan yon bès nan kantite moun kap prete lajan labank taka febli ekonomi Etazini.