Ostrali: yon bis ki te pote plizyè Envite ki te soti nan yon Maryaj fè Aksidan, 10 moun mouri e 25 lòt blese

Australia Bus Crash

CANBERRA, Ostrali (AP) — Otorite nan peyi Ostrali akize chofè yon otobis apre bis li tap kondi ki t ap pote plizyè envite nan yon maryaj te chavire.

Gen 10 moun ki mouri ak 25 lòt ki blese nan aksidan sou wout ki pran lavi plis moun nan peyi a depi prèske 30 lane.

Lapolis di chofè a pral parèt nan tribinal madi sou plizyè akizasyon ki di li te ap kondwi yon fason ki danjere e ak neglijans.

Aksidan dimanch la fèt nan yon wonpwen nan eta New South Wales.

Sa se aksidan wout ki touye plis moun nan Ostrali depi ane 1994, lè yon otobis te patinen sou yon bò, travèse yon otowout e plonje nan yon falèz nan Brisbane, lè te gen 12 moun ki mouri ak 38 lòt ki te blese.