Pap Francois Entène Lopital pou Sibi yon Operasyon

Pap Francois rive pou odyans jeneral li konn genyen chak semen sou Plas Sen Pierre la nan Vatikan an, 7 Jyen 2023.

Pap Francois entène lopital kote li pral sibi yon operasyon pou repare yon èrni nan entesten li.

Se dènye nan yon seri maladi ki trakase souvren pontif la ki gen 86 zan. Sa gen 2 zan desa, yo te wetire yon pati nan kolon pap la.

Vatikan an fe konnen Francois pral oblije anba anestezi jeneral Mèkredi pou operasyon nan vant li e ke li pral pase plizye jou nan lopital Gemelli Rome nan.

Tandiske operasyon èrni yo pa konn fèt nan ka dijans, sanble pwosedi a ijan, paske yo pwograme l yon jou selman apre Francois t al lopital pou sibi tès.

Doktè pontif la san dout te vle ba li ase tan pou l reprann ni, anvan sezon ete a kote li konn vwayaje anpil.

Pap la tap soufri ak yon èrni ki vinn devlope sou yon sikatriz.