LaRisi fè Konnen Fòs li yo te Repouse yon Atak Ikrèn nan Rejyon Donetsk nan Sid Ikrèn

  • Serge Michel

Ukrainian forces destroy Russian positions in direction of Bakhmut, near Klischiivka, Donetsk Region

Ministè defans LaRisi a di lendi sa Ikrèn te vle sete chache antre nan sa li konsidere kòm zòn ki pi fèb sou liy batay yo men ke li “pa te gen siksè”.

LaRisi di atak Ikrèn nan te gen 6 batayon mekanize ak 2 batayon tank.

Donetsk se youn nan zòn ki anba kontwòl LaRisi, ke Prezidan Vladimir Putin te anekse ane pase.

Li pa klè si atak ke LaRisi rapòte a te nan kad kont-ofansiv ke Ikrèn t ap planifye depi kè tan an pou chache repran zòn ke fòs ris yo te sezi apre yo te lanse yon envazyon nan koumansman ane pase.

Lame Ikrèn nan di nan rapò ke li fè chak jou ke te gen 29 konba lese-frape nan rejyon Donetsk ak Luhansk.