Almay: Lapolis Kriminèl Mete Anba Kòd 3 lòt Moun ke Otorite yo Sispèk Kòm Ekstremis Ekstrèm-Dwat

  • Serge Michel

GERMANY-POLICE/

Biwo komisè gouvènman federal la nan peyi Almay di madi, ke lapolis kriminèl mete anba kòd 3 lòt moun ke otorite yo sispèk kòm ekstremis ekstrèm-dwat ki konekte ak yon swa-dizan gwoup ki rele Sitwayen Reich yo oubyen Reichsbuerger, ki te konplote pou jete gouvènman peyi a.

3 sispèk yo, ke otorite yo idantifye sèlman kòm Johanna F.-J., Hans-Joachim H., ak Steffen W., pou respekte regleman vi prive ann Almay, jwenn arestasyon yo lendi swa, nan eta Baden-Wuerttemberg nan sidwès peyi a.

Otorite yo sispèk akize yo kòm manm yon òganizasyon teworis, se sa biwo komisè gouvènman an di nan yon kominike.

An Desanm ane pase, Lapolis alman te arete 25 moun, pami yo youn ki rele tèt-li prens, ki se yon parachitis retrete, ki se tou yon ansyen jij, anba akizasyon konplo pou chavire gouvènman an nan vyolans.