Meksik: Omwen 13 Moun Mouri nan yon Aksidan Oto

MEXICO-IMMIGRATION/ CAR CRASH / Guardia nacional / ROAD ACCIDENT

Yon kolizyon ant yon minibus ak yon kamyon te koze lanmò omwen 13 moun sou yon gran wout nan Tamaulipas.

Aksidan an te fèt nan maten sou yon gran wout ki konekte vil Hidalgo ak Zaragoza, ki toupre fwontyè Etazini an.

Sekretè sekirite Tamaulipas te di nan yon deklarasyon: "Otorite pwoteksyon sivil yo ap ede viktim yo e deja jwenn 13 moun ki pèdi lavi yo".

Yon sous nan biwo pwosekitè a ki pa vle AFP bay non li, te di: kantite moun ki mouri yo ka ogmante paske sanble chofè kamyon an t ap vwayaje ak fanmi li, ki ka pami viktim aksidan an .

Dapre medya lokal yo, viktim yo se yon fanmi ki te lwe minibus la pou vwayaje sòti nan vil Monterrey (nan nò) pou rive nan eta Veracruz ( nan lès).

Lajistis di ekspè yo ap kontinye mennen envestigasyon yo kote aksidan an te fèt la .