2 Prizyone Sove nan yon Prizon nan Philadelphi

Escaped Inmates-Pennsylvania

Pa te gen okenn gadyen ki te prezan pou veye bilding kote prizyone te fèmen nan yon prizon nan Philadelphi, lè 2 prizonye te tou pwofite chape poul yo nan moman sa, e rive pase sou kloti ki antoure lakou prizon an, dapre sa yon responsab sendika gadyen prizon te di ajans nouvèl Associated Press Madi.

Otorite yo toujou ap chèche 2 prizonye – youn nan yo anba akizasyon ke li te touye kat moun

Prèske 19 èdtan te pase anvan otorite yo te dekouvri ke yo disparèt.

Ofisyèl prizon yo di yo te konte prizonye yo plizyè fwa dimanch ak lendi e chak fwa yo te wè ke tout te prezan.