Anvwaye Imanitè Nasyonzini Rive nan Soudan

Martin Griffiths, U.N. undersecretary-general for humanitarian affairs and emergency relief coordinator, leaves at the end of meeting on the Black Sea agreements on exporting grain and fertilizers, at U.N. offices in Geneva, Nov. 11, 2022.

Chèf Afè Imanitè Nasyonzini, Martin Griffiths, anonse Mèkredi ke li rive nan Port Soudan, yon vil sou lakot nan Soudan kote Nasyonzini rale kò li akoz lagè pou pouvwa ant 2 jeneral rival ki nan yon batay malouk nan peyi a depi 15 avril pase.

Griffiths ekri sou Twitter "Mwen rive Port Soudan pou reyafime angajman Nasyonzini anfavè pèp Soudan an,"

Premye chajman èd imanitè a rive nan peyi a, kote youn sou twa abitan te ap viv sou èd imanitè anvan lagè a.