Etazini: Otorite yo Jwenn 7 kadav Andan yon Bouk nan Oklahoma

Missing Teens Bodies Found Oklahoma

Nan eta Oklahoma lapolis jwenn kadav 7 moun nan yon kay, pami yo 2 adolesan ki te disparèt e ke yo tap cheche, ak yon delenkan seksyèl.

Cherif konte a fè konnen ke yo te dekouvri kadav yo lendi Premye Me a nan apremidi nan yon kay toupre vil Henryetta nan Oklahoma.

Cherif konte a oubyen awondisman an Okmulgee Eddy Rice di nan yon konferans pou laprès ke lè ajan polis yo te fouye kay kote delenkan seksyèl Jesse McFadden te rete, yo te idantifye kadav 2 adolesan sa yo, Ivy Webster ki gen 14 zan, ak Brittany Brewer ki gen 16 zan.

Dapre Rice gen anpil chans pou ke lòt kadav yo se McFadden ak tout manm fanmi li.

Responsab konte a te pibliye yon alèt Amber Lendi byen bonè kote yo te alète popilasyon sou disparisyon 2 adolesan yo, e yo te vin mete wete alèt la apre yo te jwenn kadav 2 adolesan yo.

Rice di ofisye yo te rive vè 3 nan apremidi (2000 GMT) pou fouye kay la e se konsa yo te dekouvri kadav yo.

Nathan Brewer ki se papa Brittany Brewer di televizyon KOTV ke pitit li a te ale pase fen semèn nan ak fanmi McFadden, ke li te sipoze te retounen lakay dimanch 30 Avril la nan aswè men ke li pa te janm rantre.

McFadden, ki gen 39 an, te planifye pou kòmanse yon jijman Lendi anba akizasyon ke li te itilize yon telefòn selilè pandan li te nan prizon pou li te voye mesaj seksyèl bay yon adolesan.

Rejis kote yo anrejistre delenkan seksyèl yo nan Oklahoma montre gen yon Jesse Lee McFadden ki gen 39 lane, ki ap viv nan adrès kote yo te jwenn kadav yo. Rejis la moutre ke Jesse MacFadden te jwenn kondanasyon pou vyòl premye degre nan Oklahoma an 2003.