Moskou ap òganize Madi yon reyinyon ant Latiki, Siri, Larisi, ak Iran

FILE PHOTO: Turkish Defence Minister Akar speaks during a news conference at JCC in Istanbul

Minis defans Latiki a di ke li te gen plan rankontre ak tokay siryen, ris ak iranyen li nan Moskou madi 25 avril, pandan gen efò ki ap fèt pou rebati relasyon ant Ankara ak Damas apre plizyè ane hing-hang pandan lagè nan Siri a.

Minis Defans peyi Tiki, Hulusi Akar, pale de yon rankont ki te fèt nan Moskou nan dat 28 Desanm ak patisipasyon otorite nan Tiki, Larisi ak Siri, e ke nan reyinyon sa yo te boukante opinyon youn ak lòt e te jwenn yon akò pou rekòmanse reyinyon sa yo ak patisipasyon Iran.

"Objektif nou se rezoud pwoblèm yo nan negosyasyon epi pote lapè ak trankilite nan rejyon an pi vit posib ".

Akar ajoute ke responsab sèvis peyi yo pral patisipe tou nan reyinyon sa ki ap fèt nan Moskou.