Lejislatè yo nan Eta Washington Pase Yon Lwa Ki Entèdi Zam semi-otomatik

Thousands of AK-47 assault rifles sit on the flight deck of guided-missile destroyer USS The Sullivans (DDG 68) during an inventory process, in the Gulf of Oman in Arabian Sea

BELLINGHAM, Wash. (AP) —Yon pwojè-lwa pou mete entèdiksyon sou plizyè douzèn fizi semi-otomatik rive jwenn apwobasyon plizyè manm palman eta Washington ke Demokrak yo kontwole.

Palman eta a apwouve projè lwa sila Mèkredi. Kounya li rete pou Gouvènè Jay Inslee siyen li epi lwa sa pral antre an vigè. Pa gen dout ke moun ki kont lwa a pwal defye l nan tribinal.

Mezi a ta kouvri plis pase 50 kalite zam, pami yo fizi nan estil AR- oswa AK-.

Lwa sa entèdi tou lavant, distribisyon, fabrikasyon ak enpòtasyon zam afe sa yo nan lavni.

Gen 9 lòt eta nan peyi a ki pase lwa menm jan an.

Palmantè Repibliken yo nan eta Washington te kont entèdiksyon an ki, dapre yo, p ap anpeche fiziyad an mas.