Washington Mande Latiki ak Ongri pou yo Ratifye Demann Syèd pou Antre nan Òganizasyon Trete Nò Atlantik la

U.S. Defence Secretary Austin visits Musko Naval Base in Stockholm County

Sekretè Defans Ameriken Lloyd Austin ki nan peyi Syèd pou rankontre ak tokay li nan peyi sa a Pal Jonson epi patisipe nan ekzèsis lamarin, li tou pwofite mande alye Otan li yo Latiki ak Ongri "pou ratifye demand Syèd pi vit posib" pou antre nan Otan, e li ajoute ke yo espere ke sa ap rive fèt "anvan somè alyans lan ki gen pou dewoule an Jiyè".

Demand Syèd la bloke depi plizyè mwa akoz mezantant li gen ak Ongri e ak Latiki.