Kim Jong Un di Premye Satelit Espyonaj Kore di Nò Pare pou Lansman

Lide Kore di No Kim Jong Un (a dwat) ak pitit fi li paret sou ekran televizyon an nan yon stasyon tren nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, 19 Avril 2023.

Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un deklare peyi li konstwi premye satelit espyonaj militè li e ke li gen entansyon lanse li - san li pa bay dat lansman an.

Esè misil ak obu montre Kore di Nò kapab voye satelit nan lespas men anpil ekspè ap poze kestyon pou mande si kamera li yo ase sofistike pou fè espyonaj ak satelit paske se imaj rezolisyon-ba sèlman li te pibliye apre lansman li yo nan pase a.

Pandan vizit li nan ajans ayewospasyal peyi li Madi, Kim te deklare yon satelit espyonaj militè operasyonèl esansyèl pou Kore di Nò kapab efektivman sèvi ak misil li yo ki gen kapasite nikleyè.