G7 Pare pou Kontre 'Tout Tantativ Lachin pou Lolo yo' Dapre yon Responsab Wo Plase Ameriken

Minis Afe Etranje Gwoup de 7 yo poze pou yon foto pandan rankont yo nan otel Prens Karuizawa a nan peyi Japon, 17 Avril 2023

Gwoup dè 7 la antan ni sou bezwen ki egziste pou kontre tout tantativ Lachin fè pou "lolo yo" oubyen enpoze kontwol li nan Detwa Taiwan nan, dapre yon responsab wo plase Depatman Deta.

Kè sote ki egzite pa rapò ak pozisyon G7 la sou pozisyon agresiv Lachin sou kestyon Taiwan nan ak rejyon Endo-Pasifik la an jeneral se youn nan pwen santral minis afè etranje yo ap diskite nan vil vakans japonèz Karuizawa.

Yon responsab wo plase Depatman Deta fè konnen G7 la vle travay ak Lachin nan domèn kote li pare pou travay ak G7 la.

Sepandan li di: "Nou pral sètènman kanpe fèm pou repouse nempòt ki tantativ pou lolo nou, manipile mache ak tout tantativ pou chanje statu quo a nan Detwa Taiwan nan.

Minis G7 yo vla montre yon pozisyon inifye, sitou apre komantè Prezidan Fanse Emmanuel Macron te fè ke kèk kapital Oksidantal yo te konsidere kòm twò fèb vizavi Lachin.

Nap raple apre vizit li nan Lachin mwa pase a, Macron te lanse avètisman pou di yo pa dwe kite "Ritm Ameriken an ak Reyaksyon Lachin" rale yo antre nan yon kriz sou kestyon Taiwan nan.