Lula ap chèche èd nan men Lachin pou rebati endistri brezilyen yo

Brazilian President Luiz Inacio Lula da Silva meets with Chinese President Xi Jinping in Beijing

Peken (AP) — Vwayaj Prezidan Brezil, Luiz Inácio Lula da Silva, nan Peken semèn pase a te montre klèman ke Brezil konte sou Lachin pou l ede relanse sektè endistriyèl peyi Amerik di Sid la ki gen anpil pwoblèm.

Lula espere ke Lachin ka ede fè sa ke konpayi ameriken ki ap pati kite peyi a pa te fè.

Apre Lula te fin rankontre Vandredi ak Prezidan Lachin Xi Jinping, Minis finans brezilyen Fernando Haddad te di jounalis yo 2 nasyon yo ap ranje kò yo pou yo fè yon gran pa ann avan nan relasyon yo.

Li te di ke Lula vle "yon politik reendistriyalizasyon" e ke li espere plis "envestisman dirèk ki soti nan Lachin."

Li ajoute ke Brezil toujou vle gen yon rapò solid ak Etazini tou, men li di ak regrè ke sa pa gen lontan depi kèk konpayi Ameriken sot kite Brezil.