Biden Chita-koze ak Premye-minis Grand Bretay

  • Serge Michel

U.S. President Joe Biden visits Northern Ireland

Chita-koze ak Premye-minis Grand Bretay la ak yon diskou pou make 25èm anivèsè Akò Vandredi Sen an, se sa ki te ouvè premye jounen antye nan vizit ke Prezidan Etazini Joe Biden ap fè, mèkredi nan Iland di Nò.

Biden, ki anpil fwa pale de rasin li nan Iland, di madi ke vizit li semèn sa a nan Zile Emeraud la se pa yon vakans.

Kòm repons pou kesyon yon jounalis, Biden ensiste sou enpòtans akò 1998 la ki te mete lapè nan zile a apre dè dizèn lane batay ant Katolik nasyonalis pou pifò, ki te vle ini ak vwazen li Iland, ak pwotestan Inyonis pou pifò, ki te vle rete nan Wayòm Ini.

Biden di, “Kenbe lapè a, se prensipal bagay la.”

Lapè sa a te sibi yon yon tès lè Grand Bretay te fè Brexit an 2016, kidonk lè li te divòse ak Inyon Ewòp la e ale ak Iland di Nò, kote li te kite rès zile a nan Inyon Ewòp la.