Putin di Anvwaye Ameriken an Se Etazini ki Responsab 'Kriz Ikrèn nan'

PUTIN

Prezidan Ris Vladimir Putin di nouvo anbasadè ameriken an nan Moskou ke se Washington ki responsab pou "kriz Ikrèn lan" pandan li t ap resevwa lèt kreyans anbasadè a nan yon seremoni ke Kremlin te òganize.

Putin di nouvo anvwaye ameriken an Lynne Tracy, ke "Relasyon ant Larisi ak Etazini ap travèse yon gwo kriz," pandan ke sekirite ak estabilite mond la depann dirèkteman de relasyon sa yo.

Li di se politik etranjè Etazini «ki finalman debouche sou kriz aktyèl la nan Ikrèn.»