Anbasadè Boris Gryzlov di Larisi pral Mete zam Nikleyè Toupre Fwontyè Byelorisi a

President Vladimir Putin and leading members of the United Russia party listen to the national anthem during a congress of the party in Moscow, Monday Oct. 1, 2007, with the party's logo at left. Shown from right are, Moscow Mayor Yuri Luzhkov, Emergencie

TALLINN, Estoni (AP) — Anbasadè Larisi a nan Byelorisi di ke Moskou pral deplwaye zam nikleyè taktik toupre fwontyè Byelorisi ak kèk vwazen peyi lOTAN.

Deklarasyon Anbasadè Boris Gryzlov la vini pandan gen gwo tansyon ki ap kontinye ant Larisi ak peyi nan Lwès yo sou lagè Moskou a nan Ikrèn.

Anbasadè a pale konsa apre dènye deklarasyon Prezidan Ris Vladimir Putin kote li te di LaRisi gen plan pou mete zam nikleyè taktik sou teritwa alye a.

Anons sila se yon lòt tantativ lidè Ris la pou eseye dekouraje peyi Lwès yo ki toujou ap sipòte Ikrèn.

Byelorisi pataje yon fwontyè 1,250 kilomèt ak manm Òganizasyon Trete Nò Atlantik Letoni, Lityani ak Polòy.