Zelenskyy ensiste sou enpòtans batay pou vil Bakhmut

  • Serge Michel

A Ukrainian T-72 tank fires at Russian positions on the front line near Bakhmut, amid the Russian invasion of Ukraine, March 26, 2023.

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy ensiste sou enpòtans batay pou vil Bakhmut nan lès Ikrèn, kote li di ajans nouvèl Associated Press Madi ke si Ikrèn jwenn defèt la a, sa pwal fè kominote entènasyonal la e menm kèk moun nan Ikrèn mete presyon pou li ka fè konpwomi ak LaRisi.

Zelenskyy di Ikrèn pa pwal angaje li nan chita-koze lapè ak LaRisi toutotan fòs ris yo pa kite tout teritwa Ikrèn. Depi lansman envazyon an ane pase, LaRisi te anekse 4 zòn nan Ikrèn nan yon aksyon ki te atire kondanasyon Asanble Jeneral l-ONU an kòm ilegal.

Alye yo nan loksidan pa tèlman wè enpòtans Bakhmut, e yo di si Ikrèn pèdi la a, sa pwal gen gwo enplikasyon sou tout konfli a.

Men Zelenskyy di Associated Press chak moso nan batay la enpòtan.

--